Jezi ap vin maten, midi ou a minwi_Samuel Robuste_01 Août 2020

Jezi ap vin maten, midi ou a minwi_Samuel Robuste_01 Août 2020

Jezi di yo : Koute, m’ap vin talè konsa. M’ap pote rekonpans m’ap bay la avè m’, pou m’ bay chak moun sa yo merite d’aprè sa yo fè (Apokalips 22v12). N’ap di tout moun ki abòne sou chanèl sa a yon gwo mèsi. Akòz ou, n’ap kite chanèl sa a pou bagay evanjelik sèlman tankou adorasyon, mesaj, temwanyaj, bèl mizik pou beni nanm ou elatriye. Konsa tou, nou kreye yon lòt chanèl youtube, JPJ Information, nan lide pou ou anrichi konesans ou pandan w’ap suiv aktyalite a. Depi ou apresye travay n’ap fè a, tanpri, abòne sou chanèl JPJ information an, like videyo ki fè w plèzi yo epi pataje yo. Mèsi pou konpreyansyon w ak sipò w. Men adrès li :    / @jpjinformation8254   Men pawòl chante a: 1. Pawòl Bondye di nou: lè Kris prèt pou l’ vini Lamou va refwadi; anpil fwa va branle Peche va ogmante, lè syèk la pral fini, Malgre sa, satan pa janm repanti Refren: Jezi ap vin maten, midi ou a minwi Tout mò ki nan Kris yo va tande twonpèt la Yo va resisite pou yo ale nan syèl, Kote pap gen lanmò, se viv tout tan. 2. Traka isiba yo ranpli kè nou ak krent, Jouk tan nou fin bliye tout byenfè Bondye yo Imilye nou pou n’ sòti anba chatiman, Fòk nou kretyen pou nou vin pèleren. 3. Eprèv yo va fini lè nou monte anwo, Nou va jwaye tout tan lè nou ale nan syèl, N’a bliye tout sousi, na di lemon adye pou n’ ale jwi bone ki p’ap fini. 4. Nou tout te kondane, Jezi fè nou pwomès Si nou vle kenbe li n’a jwenn la delivrans Pwomès la akonpli sou lakwa di kalvè Nou di mèsi Senyè pou amou li.